La vie de Monsieur Ilmais Cadeau. Bonjour fanmi et zanmi Ilmais Cadeau yo, se avek anpil tristes jodi a la fanmi Cadeau ap di Ilmais Cadeau yon denye orevwa. Ilmais Cadeau te fet le 31 Janvier 1925 a Jacmel nan commune lavoute. Ilmais se te pitit Doreyis Cadeau et Ilna Michel. Ilmais te ale lekol li te fe prime nan yon lekol nasyonal montay lavoute. A 27an, Ilmais Cadeau te marye avek Jeremie Jeremise et Bondieu te bayo 8 pitit nan marayj yo. Apres sa Ilmais tal frekante lot fi et li te vin fe 6 lot pitit. Dey sa afekte 14 pitit li yo ; Menet Cadeau, Ymase Cadeau, Veronique Cadeau, Laveaud Cadeau, Yvon Cadeau, Yvrose Cadeau, Magalie Cadeau, Manjouna Cadeau, Sonia Cadeau, Yrene Cadeau, Lisette Cadeau, Ysmay Cadeau, Yfana Cadeau, Rachel Cadeau. Ilmais se te yon notab nan cominote kote li te pase tout vil li montay lavoute. Ilmais se te yon dokte pou tout moun nan zon nan et li te yon kiltivate, li te komesan. Ilmais gen 60 pitit pitit, li gen 15 gran gran pitit et 1 gran gran gran pitit. Ilmais Cadeau se yon mounn ki te renmen la vie, se te yon mounn ki te renmen plezi banboche, li te renmen bay blag. En 2017 li kite Haiti li antre US an 2018 li converti nan l’eglise advantiste Morija Margat. Apres yon long maladie vieyes li vinn desede le 15 Mars 2022. Kodoleyans ak bofis li Ernest Ornus, Phrito Joseph, Instlnfil, Jacko Casimir, Dimy Leonard et Belfi Adna Cadeau, Tamara Cadeau, Nancy Cadeau, Marie Chantal Cadeau. Kodoleyans ak la famille Michel et Cadeau. Mwen espere Bondieu resevwa Ilmais Cadeau nan royaume li. Repoze an pe.
To send flowers
to the family or plant a tree
in memory of Ilmais Cadeau, please visit our floral store.